AYITI AN AVAN

Premye Minis Alix Didier Fils Aimé ak Direktè Jeneral Lapolis la, Normil Rameau k ap teste dwòn. Foto: Primati Ayiti

Pòtoprens, lendi 24 mas 2025 – Premye Minis Alix Didier Fils Aimé ak Direktè Jeneral Lapolis la, Normil Rameau, te patisipe nan yon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal (CSPN) espesyal sou sekirite. Yo te gen chans enspekte yon echantiyon nan nouvo ekipman ki pral ranfòse kapasite operasyonèl fòs lòd yo. Daprè otorite yo, materyèl sa yo, ki enkli gwo dwòn modèn sa yo, pral mete fòs lòd yo nan yon pi bon pozisyon pou fè fas ak gang k ap simen laterè. Gouvènman an di li detèmine pou mete tout mwayen nesesè pou reprann kontwòl teritwa pèdi yo epi pèmèt popilasyon an viv san kè sote.

Dwòn kamikaz yo tounen youn nan pi gwo eleman fòs lòd yo nan batay kont gang yo, ki deja kòmanse santi presyon an. Chak fwa yon dwòn frape yon baz bandi, sa simen panik pami yo epi mete yo nan yon pozisyon defansif. Plizyè òganizasyon dwa moun, tankou Fondasyon Je Klere (FJKL), Rezo Nasyonal pou Defann Dwa Moun (RNDDH), Platfòm Òganizasyon Ayisyen pou Defann Dwa Moun (POHDH), Sant Analiz ak Rechèch pou Defann Dwa Moun (CARDH) ak Collectif Défenseurs Plus, di yo sipòte estrateji sa a, men yo mete aksan sou nesesite pou fòs lòd yo respekte prensip entènasyonal sou itilizasyon dwòn yo. Daprè yo, sa ka yon bon inisyativ, men li dwe antre nan yon plan operasyonèl byen estriktire pou l bay bon rezilta.

Men, gwo kesyon tout moun ap poze: eske dwòn sa yo vrèman pral itilize nan kad operasyon yo osinon se yon lòt anons pou bay pèp la fo espwa? Èske yo p ap rete nan depo pandan ensekirite a ap vin pi grav, menm jan ak lòt materyèl ki te deja livre men ki pa janm itilize nan operasyon yo? Oswa se yon senp priz foto pou bay imaj ke yo vle ede peyi a? Pèp la ap tann ak anpil enkyetid pou wè si fòs lòd yo pral reyèlman itilize nouvo ekipman sa yo pou frape gang yo epi reprann kontwòl teritwa pèdi yo.