AYITI AN AVAN

Yon fanm ayisyen k ap kriye akoz ensekirite a, pandan Leta bliye pèp la. | Imaj kreye pa entèlijans atifisyèl (DALL·E)

Mibalè, 12 avril 2025 — Nan lannuit 30 pou leve 31 mas 2025 lan, malfwendeng gang 400 Mawozo yo, dirije pa Lanmò 100 Jou, ak sanfwanilwa Taliban Kanaran yo, sou lòd Jeff Gwo Lwa, simen anpil latwoublay nan vil Mibalè ak Sodo, kote plizyè moun t al pran refij yo, aprè yo te apèn fin kouri kite kapital la. Daprè yon rapò Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun (RNDDH), gen plis pase 80 moun ki mouri, pandan plis pase 500 prizonye sove, plizyè kay boule, prizon ak komisarya kraze, san konte biznis ki piye. Òganizasyon an kritike Leta ak Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (KPT) ki pa mete okenn estrateji ni resous pou konbat gang yo, e ki lage popilasyon an pou kont li nan raje, anba bal, nan grangou. Zak sa yo make trèzyèm epizòd vyolans depi enstalasyon KPT a nan tèt peyi a. 

Yon atak sanglan aprè anpil SOS bò kote pèp la

Nan dènye mwa sa yo, zak malonèt ak vyolans gang yo pa sispann ogmante ak yon britalite ki san parèy. Yo asasinen moun, vyole fanm, boule ti bebe, kraze prizon, demoli komisarya, elatriye. Yo pase anba flanm dife kay ansyen depite Abel Descolines, san konte anpil kay ti malere malerèz. Kadav jete nan lari tankou fatra, kote yo konn pase plizyè jou pèsonn pa ranmase yo.

Lavi anba bal ak raje : chak jou se yon batay pou siviv

Grangou ap touye timoun kou granmoun. Boutik fèmen, biznis disparèt, travay pa egziste ankò. Moun k ap viv nan raje yo pa gen aksè ak okenn sèvis. Atmosfè laterè sa a mete sante mantal popilasyon an an danje. Estrès, depresyon, ak panik gaye tankou dife nan savann. Moun yo ap viv ak laperèz chak jou, san okenn asirans pou demen. Se dezolasyon total !

Pèsonalite viktim, pèsanalite disparèt

Pami viktim yo, rapò a mete aksan sou lanmò polisye Garry Junior Luma (UTAG) ak 2 sè kominote Sainte-Thérèse yo: Jeanne Voltaire ak Evanette Onézaire, ansanm ak Junior Robens Louis, ajan sekirite lopital inivèsitè Mibalè a (Hôpital Universitaire de Mirebalais). Gen 3 moun disparèt, ladan yo 2 jounalis: Jean Christophe Collègue (Voix de l’Amérique) ak Roger Claudy Israël (Radio Télé Ginen) ki, ansamn ak frè li Marco, ta anba men bandi yo.

Prizon kraze, mache boule, kay piye: yon vil ki lage san defans 

Rapò RNDDH la eksplike kijan komisarya Mibalè a, mache piblik la, ak prizon sivil la boule. Yo kraze prizon an, sa ki lakòz 533 prizonye sove; pami yo, gen 467 ki te an detansyon san jijman. Yon sèl prizonye, Jean Paul Cantave alias Pipo, pa rive sove e yo egzekite li sou plas. Nan Sodo, yo boule “radio Transparence FM”, kay Simon Dieuseul Desras, kay Romual Smith, ak restoran “ Fourchette d’Or”. Se tout siy lavi ekonomik, sosyal, ak politik zòn nan yo efase ak dife.

RNDDH denonse: yon Leta ki ret an silans malgre kri pèp la

Nan rapò li a, RNDDH lanse gwo kritik kont KPT a ak gouvènman an, paske yo pa gen okenn plan konkrè pou restore dwa sitwayen yo ni pou mete lòd ak sekirite nan peyi a. Dapre RNDDH, yo toujou ap pwomèt yon “bidjè lagè”, men pito ap depanse lajan leta san transparans, pandan y ap mennen yon bèl vi.

Gang ap selebre, pèp la ap mouri anba raje

Pandan grangou, laperèz ap fini ak pèp la, chef gang Jeff Larose alias Gwo Lwa, ansanm ak Wilson Joseph alias Lanmò san Jou, ap fè kòtèj nan Mibalè. Yon videyo ki viral montre yo monte nan machin 4×4, ame jiskodan, k ap defile tankou otorite. Sa rann popilasyon an pa sispann mande: kiyès ki sou pouvwa a vrèman ? Gang yo oswa Leta ? Sitiyasyon sa montre feblès gouvènman an, kote bandi ka mete tèt yo sou YouTube ak TikTok, pandan otorite bò isit ap pale de ensekirite chak jou san okenn aksyon.

Lè gouvènman an chite, pèp la pa gen chwa

Silans Leta a se pi gwo zam k ap frape pèp la. Lè bandi ap dirije, epi gouvènman swadizan ap “jere kriz”, sa se pa neglijans, se abandon. Se pa yon defayans, se konplisite. Mibalè ak Sodo ajoute nan lis teritwa pèdi, kote popilasyon an lage nan raje san defans .Sa ki pi grav la, chak jou ki pase san plan, san entèvansyon, se yon lòt simityè k ap louvri, yon lòt timoun k ap mouri, yon lòt vil k ap tonbe. Kiyès k ap vin di otan nan sitiyasyon sa a ?