
Pòtoprens, 12 mas 2025 – 4 lane pase, men maleng lan preske pran tout kò a, doulè a ogmante epi soufrans lan vin pi rèd. Vandredi ki te 12 mas 2021 an, yon dat ki make listwa avèk san, kote rèl, doulè, demanjezon te ranplase lespwa. Nan yon misyon pou te elimine teworis Vilaj Dedye yo, 5 polisye te tonbe, epi asasen te rache yo met nan bourèt tankou vyann kochon ki pral vann nan mache.
Yon misyon katastwofik
Nan operasyon sa a, plizyè polisye brav te pèdi lavi yo: Ariel Poulard, Georges Renoit Vivender Alexis, Stanley Eugène, Desilus Wislet, Anozart Patrick ak Lucdor Pierre ke yo pa souvan site non l. Nan menm jou sa a, 8 polisye te blese grav, 1 te disparèt, 2 machin blende te pèdi, youn te boule, lòt la te rete nan men bandi yo, daprè SPNH-17.
Seremoni pou onore memwa vanyan yo
Nan yon seremoni ofisyèl, otorite yo mete flè pou onore memwa ewo sa yo. Premye minis Alix Didier Fils-Aimé lanse yon mesaj ki klè: “Nou p ap kite sakrifis yo ale pou granmesi. Gouvènman an angaje l pou dechouke gang yo, restore lapè, epi remete otorite Leta kote li dwe ye.”
Yon angajman renouvle kont ensekirite
Gouvènman an pwomèt plis mezi pou ranfòse kapasite fòs lòd yo, depi nan fòmasyon jiska mwayen lojistik. Yon ofisyèl deklare : “Nou pa ka kontinye pèdi polisye chak jou san konsekans.”
Sitiyasyon an vin pi konplike aprè 4 lane
Pandan y ap onore memwa 5 polisye yo aprè 4 lane, nèg san pitye yo kontinye ap simen laterè nan rejyon metwopolitèn nan. Teworis Vilaj yo kontinye ap banbile; fòs lòd yo menm kontinye ap tonbe pasi pala. Teworis yo tou pa sispann boule kay ak tout moun, lage ti bebe nan dife, vyole fanm ak tifi, epi fè pèp la kouri kite kay yo. Nan jounen komemorasyon sa a menm, pèp kafoufèy la ap mande ranfò kont bandi yo ki kontinye ap kase kay malere epi mete dife nan sa yo te pase plis pase 20 lane ap travay di pou konstwi.
Yon pakèt kesyon ki rete san repons
- Kiyès ki te responsab operasyon sa?
- Konbyen moun ki te sanksyone pou dosye sila?
- Ki kote kadav polisye yo ye?
- Èske se lajan yo te bay pou rekipere blende a? Si se sa, poukisa yo pa t bay kòb tou pou rekipere kò polisye yo ki te sakrifye lavi yo?
Sòti nan radyo, pase pran rezo sosyal, non 5 ewo sa yo sonnen tankou klòch k ap mande jistis. Anpil moun ap kritike leta ki te chwazi rekipere yon machin blende olye li te repran tèritwa yo e bay jistis ak polisye ki te viktim yo.
Neg yo prefere peye pran blennde a epi kite ko polisye yo anndann o lesyèl di yon mo non