AYITI AN AVAN

“Mèkredi Nwa”: Gwo Mouvman Nan Kapital La Kont Ensekirite

“Mèkredi Nwa”: Gwo Mouvman Nan Kapital La Kont Ensekirite

Manifestasyon nan Pòtoprens kont ensekirite.
Manifestasyon nan Pòtoprens kont ensekirite. (Foto: Patrice Noel)

Pòtoprens, Mèkredi 2 avril 2025 – Yon foul moun te pran lari jodi Mèkredi 2 avril la nan yon mobilizasyon yo batize “Mèkredi Nwa”. Anpil manifestan, abiye an nwa, soti nan tout kwen kapital la: Kanapevè, Kriswa, Petyonvil, Tijo, Delma, ak plizyè lòt zòn ki viktim de ensekirite a. Pankat nan men, branch bwa, wòch, boutèy, yo ap mande sekirite epi egzije Leta reprann kontwòl teritwa pèdi yo.

Yon Mouvman Ki Frape Kapital la

Depi byen bonè nan maten, plizyè katye leve kanpe, ata moun ak beki te pran lari! Plizyè enstitisyon, biznis, bank, elatriye… te oblije fèmen pòt yo. Afich ak mesaj klè t ap flote nan tout  lari a: “Nou Bouke! Nou bezwen Sekirite!”, “Nou Bouke Viv Nan Laperèz!”, “Bandi Pa Dwe Dirije Nou!”.

Manifestan yo akize otorite yo de konplisite ak gang yo, ki kite katye popilè yo sou kontwòl bandi pandan yo fèmen je yo sou sitiyasyon an. Manifestan yo eksprime fristrasyon yo ak anpil eslogan ki fè lari a tranble: “ABA VOLÈ!”, “ABA KORIPSYON!”, “ABA GANG!”

Lapolis ap fè presyon, men pèp la kanpe dan!

Malgre prezans polis nasyonal, fòs lame, ak misyon etranje a, manifestan yo franchi tout baryè pou rive jiska Primati. Lapolis eseye repouse yo ak gaz lakrimojèn, men pèp la pa repliye, yo pa fè bak! Nan Boudon ak Delma, kout zam chante, men manifestasyon an kontinye pi rèd.

Nou pa ka pè moun k ap defann volè!” – yon manifestan lanse ak raj.

Reyaksyon fòs lòd yo mete plis kòlè nan kè pèp la. Plizyè moun denonse sa yo rele yon “fòs lòd san fòs”, ki pi vit pou kraze manifestasyon pasifik pase pou yo ratibwaze gang yo.”Lè se nou, yo ban nou gaz, men bandi yo, yo kite yo mache lib!” – yon lòt manifestan deklare. Aprè gwo mouvman sa a, ki solisyon konkrè gouvènman anplas la dwe pran pou fini ak ensekirite a epi reprann kontwòl teritwa pèdi yo ?

Share the Post:

Articles similaires

Elon Musk en passe de devenir le premier trillionaire.Jared Siskin/Getty Images

Elon Musk en route vers le statut de premier trillionnaire mondial

Les actionnaires de Tesla ont validé, le jeudi 6 novembre, un nouveau plan de rémunération colossal susceptible de faire de leur PDG, Elon Musk, le tout premier trillionnaire de la planète. Lors de l’assemblée générale annuelle, plus de 75 % des votes exprimés ont approuvé cette proposition, sans inclure les 15 % de parts déjà détenus par Musk.

Read More