AYITI AN AVAN

Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl : Yon Senbòl Idantite, Konesans ak Devlopman Nasyonal

Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl : Yon Senbòl Idantite, Konesans ak Devlopman Nasyonal

Madi 28 oktòb 2025 make Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl, daprè yon rezolisyon Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Lasyans ak Lakilti (UNESCO) te adopte nan lane 1983. Nan kontèks Ayiti, selebrasyon sa a pran yon dimansyon espesyal, paske depi plizyè lane, sant kiltirèl ak òganizasyon ki angaje nan batay pou edikasyon popilè ak idantite nasyonal yo pa sèlman selebre yon “jounen”, men tout yon mwa lang ak kilti kreyòl.

Pòtoprens, 28 oktòb 2025 – Madi 28 oktòb 2025 make Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl, daprè yon rezolisyon Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Lasyans ak Lakilti (UNESCO) te adopte nan lane 1983. Nan kontèks Ayiti, selebrasyon sa a pran yon dimansyon espesyal, paske depi plizyè lane, sant kiltirèl ak òganizasyon ki angaje nan batay pou edikasyon popilè ak idantite nasyonal yo pa sèlman selebre yon “jounen”, men tout yon mwa lang ak kilti kreyòl.

N ap souliye se sou tèm : «Lang kreyòl, zouti devlopman nan tout Repiblik la» Akademi Kreyòl Ayisyen selebre Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl ane sa a. Depatman Edikasyon Nasyonal rekonèt ofisyèlman nosyon “Mwa Lang ak Kilti Kreyòl” sa a kòm yon eleman esansyèl nan pwomosyon idantite ayisyen.

Enpòtans Lang Kreyòl nan Kad Legal Ayiti

Konstitisyon 1987 la mete lang kreyòl la nan yon pozisyon santral nan lavi nasyonal la.

Atik 5 deklare klèman: “Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak franse se lang ofisyèl Repiblik Ayiti.”

Atik 213 bay nesans ak Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), yon enstitisyon ki gen misyon pou “fikse lang kreyòl la epi fè l devlope anfòm, nan lòd, selon prensip lasyans.”

Visprezidan AKA a raple ke misyon Akademi an se veye sou devlopman lang lan, asire plas li nan sosyete a, epi ankouraje tout aktivite pwomosyon ki pèmèt kreyòl la jwenn rekonesans li merite kòm zouti kominikasyon, konesans ak devlopman.

Istwa Devlopman Lang Kreyòl Ayisyen an

Lang kreyòl la soti nan rankont lengwistik ant plizyè pèp pandan epòk kolonyal la. Baz leksikal li sòti nan fransè, pandan estrikti gramatikal li enspire de lang afriken.

1757 : Premye tèks kreyòl ki parèt se Lisette quitté la plaine pa Duvivier de la Mahautière.

Lisette quitté la plaine

Moin pèdi bonhè moué;

Zié moin semblé fontaine.

Dépi moin pas miré toué.

Le jou quand moin coupé canne

Moin chongé zanmou moué;

La nouit quand moin dans cabane,

Dans dromi, moin quimbé toué.

  • 1793 : Pwoklamasyon Sonthonax pibliye an kreyòl pou anonse libète jeneral esklav yo.
  • 1804 : Diskou endepandans Desalin an kreyòl make nesans yon nasyon ki pale ak pwòp vwa li.
  • 1901 : Georges Sylvain pibliye Cric Crac, premye liv literè kreyòl la.
  • 1979 : Yon dekrè ofisyalize itilizasyon lang kreyòl nan lekòl yo.
  • 1980 : Leta adopte òtograf ofisyèl kreyòl la, yon sistèm fonolojik ki senp epi aksesib.
  • 1987 : Konstitisyon an rekonèt kreyòl kòm lang nasyonal ak lang ofisyèl.
  • 2014 : Kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA).
  • 2017 : AKA pibliye premye rezolisyon sou òtograf ofisyèl la.
  • 2023 : AKA pibliye dezyèm rezolisyon sou òtograf kreyòl ayisyen an. 

Eta Nouyòk adopte lang kreyòl kòm sizyèm lang ofisyèl li an 2008. Sa vle di tout enstitisyon leta yo oblije bay sèvis ak tradiksyon dokiman ofisyèl yo an kreyòl. Jodi a, gen anpil deba k ap fèt nan lòt eta ak vil sou itilizasyon lang kreyòl kòm yon zouti kominikasyon nan sèvis piblik yo.

Wòl Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA)

Akademi Kreyòl Ayisyen gen pou misyon:

  • Fikse prensip ekriti ak itilizasyon lang kreyòl la.
  • Ankouraje itilizasyon kreyòl nan tout domèn (edikasyon, jistis, sante, administrasyon piblik, medya, elatriye).
  • Fè rechèch sou devlopman lengwistik ak kiltirèl lang lan.
  • Kore tout inisyativ k ap sèvi ak kreyòl kòm zouti kominikasyon ak pwogrè sosyal.

Lang Kreyòl, Zouti Devlopman Sosyal ak Idantite Kolektif

Lang kreyòl la se plis pase yon mwayen kominikasyon — li se nannan idantite pèp ayisyen an. Li pote memwa istorik, vizyon ak rèv pèp la. Se atravè li majorite popilasyon an ka jwenn aksè ak edikasyon, enfòmasyon ak pwogrè sosyal. Se poutèt sa, sèvi ak kreyòl nan administrasyon piblik, lekòl, ak lavi chak jou se pa sèlman yon kesyon kilti, men tou yon zafè jistis sosyal.

Yon Apèl pou Angajman Kolektif

Nan selebrasyon Jounen ak Mwa Lang ak Kilti Kreyòl sa a, se yon devwa pou chak Ayisyen rekonèt lang li kòm poto mitan devlopman nasyonal la. Lang kreyòl la se zam endepandans, se pon ki konekte pèp la ak avni li. Se pou tout sektè — Leta, lekòl, inivèsite, medya, òganizasyon, ak pèp la — mete men ansanm pou lang kreyòl la kontinye klere kòm senbòl diyite ak pwogrè Ayiti.

#JounenLangAkKiltiKreyòl

#28oktòb 

#Ayisyen 

#kreyòl 

#Lakilti 

Share the Post:

Articles similaires

Ministère des Mines de RDC Légende image,L'épave de l'appareil calciné au sol après le crash

RDC : Un accident dans une mine fait 32 morts

Ce lundi 17 novembre, des opérations de recherche sont en cours suite à l’effondrement d’un pont dans le sud du Congo. L’effondrement est survenu dans une mine de cobalt, et a causé la mort de 32 mineurs clandestins. L’accident s’est produit sur le site minier de Kalando, qui se trouve dans la carrière de Mulondo, à 42 kilomètres environ au sud-est de la ville de Kolwezi. 

Read More

Élections du 30 août 2026 : Wooster salue les avancées et presse pour un calendrier clair

Le chargé d’affaires américain Henry T. Wooster a de nouveau pris position sur le processus électoral haïtien, saluant les progrès réalisés par le CEP et le gouvernement dans l’élaboration d’un cadre légal et d’un calendrier. Tout en exprimant ses attentes pour une planification rapide et réaliste, il rappelle que la stabilité politique du pays dépend avant tout des Haïtiens eux-mêmes.

Read More