AYITI AN AVAN

“TASK Force” yon nouvo inite pou demantle gang nan kapital la

“TASK Force” yon nouvo inite pou demantle gang nan kapital la

Pòtoprens – "Task Force" se yon inite espesyal, ki gen ladann ajan sekirite Premye Minis la (USPM) ak ajan sekirite Jeneral Palè Nasyonal la (USGPN), ke Primati a ak KPT a fèk kreye pou lite kont gang yo epi reprann kontwòl kapital la ki sou wout pèdi. Fòs lòd sa a te lanse de gwo operasyon pandan wikenn 1, 2 mas 2025 lan.
Police officers search for suspects in the murder of President Jovenel Mois in Port-au-Prince on Thursday. (AP pic)

Pòtoprens – “Task Force” se yon inite espesyal, ki gen ladann ajan sekirite Premye Minis la (USPM) ak ajan sekirite Jeneral Palè Nasyonal la (USGPN), ke Primati a ak KPT a fèk kreye pou lite kont gang yo epi reprann kontwòl kapital la ki sou wout pèdi. Fòs lòd sa a te lanse de gwo operasyon pandan wikenn 1, 2 mas 2025 lan.

Yon gwo operasyon nan fyèf Babekyou

Samdi 1e mas nan aprè midi, “Task Force” te lanse yon gwo operasyon nan zòn anba Delmas, kote gang Jimmy Chérizier, alyas “Barbecue”, ki se lidè koalisyon kriminèl ViV Ansanm, ap domine. Plizyè manm gang sa a pèdi lavi yo pandan atak la. Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé konfime epi deklare: “Wi, te gen yon atak. Plizyè bandi mouri.”

Daprè otorite yo, operasyon an te fèt sou kòmandman enspektè jeneral Vladimir Paraison, chèf Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN). Fòs Primati a ansanm ak Palè Nasyonal la mete tèt ansanm pou reyalize misyon sa a, ki se yon pati nan jefò yo pou konbat ensekirite k ap taye banda nan kapital la.

“Task Force” te atake Izo nan Vilaj la

Dimanch 2 mas nan aswè, yon lòt gwo chèf gang, Izo 5 Segond, t ap òganize yon “kanaval” nan zòn Matisan, kote gwoup gang li yo ta pral byen pase. Nan menm moman sa a, otorite yo te sèvi ak dwonn eksplozif pou atake pozisyon yo, e plizyè manm gwoup sa a te pèdi lavi yo nan eksplozyon an. Daprè yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, ta sanble atak la te frape, chèf gang lan, “Izo 5 Segond”.

Yon sitiyasyon ki toujou kritik

Malgre jefò “Task Force” la, ensekirite a rete yon gwo menas pou popilasyon an. Gang yo kontinye gen kontwòl sou plizyè katye, pandan y ap simen laperèz ak zak vyolans tankou asasinay ak destriksyon nan kapital la.

Malgre limit li, atak “Task Force” la sou gang yo montre yon angajman klè bò kote otorite yo pou reprann kontwòl kapital la. Pami nouvo mezi sa yo, gen yon ogmantasyon nan operasyon militè ak entèdiksyon trafik zam ki te rive akselere nan dènye semèn sa yo. Eske gwo operasyon sa yo ap kontinye nan lòt zòn ki anba men bandi yo? Eske nouvo fòs lòd sa a ap resi ede popilasyon an rale yon ti souf?

Share the Post:

Articles similaires

Ministère des Mines de RDC Légende image,L'épave de l'appareil calciné au sol après le crash

RDC : Un accident dans une mine fait 32 morts

Ce lundi 17 novembre, des opérations de recherche sont en cours suite à l’effondrement d’un pont dans le sud du Congo. L’effondrement est survenu dans une mine de cobalt, et a causé la mort de 32 mineurs clandestins. L’accident s’est produit sur le site minier de Kalando, qui se trouve dans la carrière de Mulondo, à 42 kilomètres environ au sud-est de la ville de Kolwezi. 

Read More

Élections du 30 août 2026 : Wooster salue les avancées et presse pour un calendrier clair

Le chargé d’affaires américain Henry T. Wooster a de nouveau pris position sur le processus électoral haïtien, saluant les progrès réalisés par le CEP et le gouvernement dans l’élaboration d’un cadre légal et d’un calendrier. Tout en exprimant ses attentes pour une planification rapide et réaliste, il rappelle que la stabilité politique du pays dépend avant tout des Haïtiens eux-mêmes.

Read More