AYITI AN AVAN

Otorite yo ap chèche Sudiksha Konanki ki disparèt sou plaj nan Punta Cana

PUNTA CANA, R.D. – Otorite dominiken yo, ak sipò FBI, ap mennen yon operasyon rechèch entansif pou jwenn Sudiksha Konanki. Jèn fi 20 lane sa a, ki gen nasyonalite endyen, se yon etidyan nan Inivèsite Pittsburgh (USA), ki disparèt depi jedi 6 mas 2025, pandan li te vin pase vakans nan Punta Cana. Daprè sa New York Post rapòte, Sudiksha ak yon gwoup zanmi l te rantre Repiblik Dominikèn pou “Spring Break” la. Dènye imaj li sou kamera siveyans montre li t ap antre sou plaj otèl RIU ak zanmi l yo, men apre yon ti tan, yo pèdi tras li. E jiskaprezan li poko janm retounen.

Yon rechèch san rezilta jiskaprezan

Daprè papa Sudiksha, li te ale sou plaj la jedi 6 mas, blòk 4è nan maten ak plizyè zanmi, men lè zanmi yo retounen, yo di yo pa wè l. Otorite dominiken ta pral lanse operasyon pou chèche touris la nan samdi 8 mas 2025 lan. Yo itilize divès resous sekouris tankou chyen, bato, dwonn ak elikoptè, men jiskaprezan, yo pa ko jwenn okenn tras jenn fi a. Yon ekip FBI oblije vin foure bouch nan koze a, pou eseye jwenn yon repons sou sa ki ta rive etidyan an.

Dènye moun ki te wè Sudiksha vivan sou plaj la, se yon touris 24 lane ki soti Iowa, ki te desann nan menm otèl la. Joshua Steven Ribe deklare bay otorite yo ke li te oblije kouri chape poul li pou yon seri de gwo vag lanmè, e li te kite Sudiksha dèyè. Aprè sa, li te pèdi konesans sou plaj la akoz li te sou anba alkòl, e lè l te leve, li pa t wè Sudiksha.

Kidnaping oswa trafik moun? Papa Sudiksha mande plis ankèt

Pandan rechèch la ap kontinye, papa Sudiksha mande otorite dominiken yo pou yo eksplore tout posiblite, enkli kidnaping oswa trafik moun. N ap soulinye ke nan dènye lane sa yo, gen anpil gwo zak malonèt ki fèt sou touris yo nan Repliblik Dominikèn. Selon jounal Queen City News, soti nan lane 2016 pou rive 2019, gen 14 ameriken ki pèdi lavi yo pandan yo t al vizite peyi Abinader ap dirije a. Ka disparisyon Sudiksha Konanki a vin ajoute sou lis zak ki mete an kesyon kapasite Repiblik Dominikèn pou asire pwoteksyon lavi touris yo.

Ki kote Sudiksha Konanki ye? Èske li viktim de yon aksidan, yon atak, oswa yon rezo kriminèl? Pandan otorite yo ap kontinye ankèt la, anpil moun ap mande si Repiblik Dominikèn se toujou yon destinasyon san danje pou touris etranje yo.