AYITI AN AVAN

Administrasyon Trump lan deside mete fen nan pwogram CHNV a ki te pèmèt 532 000 moun ki te soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa, ak Venezyela antre Etazini legalman.

Washington, DC, Madi 25 mas 2025 – Nan yon dokiman ofisyèl ki pibliye jodi madi 25 mas la nan Federal Register, Administrasyon Trump lan deside mete fen nan pwogram CHNV a ki te pèmèt 532 000 moun ki te soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa, ak Venezyela antre Etazini legalman. Desizyon sa a mete anpil fanmi nan enstabilite ak gwo enkyetid. Depatman Sekirite Enteryè (DHS) anonse ke tout moun, ki te antre sou pwogram sa a epi ki pa gen okenn lòt estati legal pou rete nan peyi a, dwe kite teritwa ameriken an san pèdi tan.

Otorite yo mande tout moun ki konsène pou yo depote tèt yo volontèman atravè App CBP Home nan. Si yo pa fè sa, imigrasyon (ICE) ap arete epi depòte yo san pèdi tan. Apre 24 avril 2025, tout pèmi travay ki te bay anba estati “parole” yo p ap valab ankò, sa ki mete anpil imigran nan yon sitiyasyon difisil kote yo ka pèdi mwayen pou yo viv.

Trump Fèmen Pwogram CHNV Nan Non Sekirite Fwontyè

Nan dat ki te 20 janvye 2025 lan, Prezidan Trump te siyen yon dekrè ki mete aksan sou ranfòsman sekirite sou fwontyè yo. Nan atik 2 dekrè sa a, Trump egzije otorite imigrasyon yo pran mezi pou anpeche etranje ki pa gen estati legal antre Etazini, epi depòte san pèdi tan tout sa ki antre oswa rete ilegalman. Nan atik 7 dekrè a, li mande DHS mete fen nan tout pwogram liberasyon kondisyonèl ki pa konfòm ak nouvo politik imigrasyon li a, sa ki mete pwogram CHNV sou lis pou elimine, sof sekretè sekirite enteryè a ki kapab chanje desizyon sa a.

Administrasyon Trump lan bay plizyè rezon pou mete fen nan pwogram sa a:

  1. Pwogram nan pa t rive diminye kantite imigran k ap eseye antre ilegalman nan peyi a.
  2. Li mete twòp presyon sou resous federal ak lokal yo.
  3. Li pa t konpatib ak lwa imigrasyon yo.
  4. Li pa an règ ak estrateji diplomatik Etazini, ki vle mete plis presyon sou lòt peyi yo pou yo reprann sitwayen pa yo.

Èske Moun Yo Pral Depòte Tèt Yo Vrèman?

Kounye a, plizyè milye imigran ki te antre nan pwogram Biden nan pa konnen ki desizyon pou yo pran. Otorite yo bay opsyon pou depòte tèt yo atravè App CBP Home, men èske gen moun k ap chwazi depòte tèt yo vrèman? Èske ICE pral lanse gwo operasyon pou arete epi depòte yo?

Imigran yo ap chèche solisyon, men avni yo sanble pi ensèten kounye a, sitou pou moun ki sòti Ayiti yo, kote retounen nan peyi a kapab reprezante yon gwo danje pou lavi yo.