
Pòtoprens, 22 mas 2025 – Administrasyon Biden lan te lanse Pwogram Pawòl Imanitè (CHNV) an janvye 2023, ki te pèmèt moun soti ki Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela vwayaje legalman Ozetazini. Yo te bezwen yon esponsò finansyè, achte tikè avyon yo, epi pase verifikasyon sekirite. Anvan fen desanm 2024, plis pase 531 000 moun te rive Ozetazini gras ak pwogram sa a. Administrasyon Trump lan deside mete fen ak pwogram nan, sa ki vle di tout benefisyè yo gen 30 jou pou yo deside sa yo pral fè anvan depòtasyon yo kòmanse.
Administrasyon Trump lan ap pibliye desizyon sa ofisyèlman nan Federal Register 25 mas 2025. Apati 25 avril 2025, tout estati legal moun ki sou pwogram nan ap ekspire. Moun ki pa gen okenn lòt baz legal pou rete ap oblije kite peyi a. An menm tan, tout pèmi travay ki te bay pandan pwogram nan ap anile otomatikman. Otorite imigrasyon yo avèti ke tout imigran ki pa gen estati legal kapab ajoute sou lis depòtasyon epi arete nenpòt ki lè.
Moun ki te antre nan pwogram sa a, menm si yo te deja pase de zan oubyen mwens ke 2 zan nan peyi a, gen 30 jou pou kite Etazini oswa chèche yon lòt estati legal tankou TPS, rezidans, azil, elatriye. Sinon, yo riske arete epi depòte. Se poutèt sa, konsilte yon avoka imigrasyon ka yon bon opsyon pou moun ki afekte yo. Si yon benefisyè te deja depoze yon demann azil oswa TPS, li kapab toujou rete pandan l ap tann vèdik dosye a.
Desizyon sa a rantre nan kad politik administrasyon Trump lan, ki vize mete restriksyon sou imigrasyon epi ogmante depòtasyon. Plizyè milye fanmi ki te deja enstale Ozetazini ap fè fas kounya ak yon lavni ensèten. Pandan kèk moun ap chèche solisyon legal, lòt moun ka kite tout sa yo te gentan bati dèyè epi retounen lakay yo.
Èske gen lòt opsyon?
Se kesyon anpil imigran ap poze jodi a. Depi lè anons la fèt la, plizyè òganizasyon imigrasyon ak dwa moun ap mande otorite ameriken yo revize desizyon sa. Pandan 30 jou kap vini yo, benefisyè pwogram nan ap oblije pran desizyon pou chèche yon lòt estati oswa tann depòtasyon yo.