AYITI AN AVAN

The headquarters of Digicel company in Turgeau. | © Jean Feguens Regala/AyiboPost

Pòtoprens, 23 mas 2025 — Direktè Jeneral Digicel la, Jean Philippe Brun, te anonse yè aprèmidi, 22 mas 2025 lan, ke ekip teknik lan te resi finalize konstriksyon nouvo wout fib optik la, ki pèmèt yo restore tout sèvis ki te paralize yo.

Repetisyon Pwoblèm San Okenn Dedomajman

Nan dat ki te 20 mas 2025 lan, bò 9 è nan aswè, plizyè kliyan te gen difikilte pou itilize rezo Digicel la, ki se youn nan pi gwo rezo peyi a. Jean Philippe Brun sou kont X li deklare:

“Chè kliyan, yèswa, nan zòn 9 è, nou soufri yon koupi onivo fib optik souteren ki relye 2 sant done nou yo, ant Turgeau ak Wout Nasyonal #1. Koupi sa a afekte mwatye kliyan nou yo nan sèvis entènèt, SMS, MonCash, epi li afekte tout kliyan sou kòd 509, 500 ak 202.”

Sa fè twazyèm fwa nan mwens ke twa mwa ke konpayi an sibi gwo pàn ki afekte tout sèvis li yo. Nan dat ki te 13 mas 2025 lan, yon dife te koze gwo dega sou enfrastrikti fib optik Digicel la, epi 15 janvye, te gen 2 nan kab entènasyonal fib optik yo ki te sibi domaj akoz yon dife nan zòn metwopolitèn lan. Pandan tout peryòd sa yo, kliyan yo te kontinye pèdi plan san okenn konpansasyon. Sa ki lakoz gwo pèt pou anpil moun ak antrepriz, epi li afekte anpil relasyon.

“N ap travay pou mete an plas konpansasyon pou kliyan nou yo”, deklarasyon DG a sou kont X li.

Yon Sèvis Ki Peye, Men Ki Pa Livre, Kliyan Estomake

Digicel, yon rezo gang k ap dechèpiye kliyan”, se deklarasyon yon kliyan rezo selilè a ke AYITI AN AVAN te entèwoje. Dènye koupi rezo Digicel la te koze pa twa domaj sou fib optik li yo, ki te afekte entènèt, SMS ak MonCash. Milye kliyan ki te gen plan mwa, plan 7 jou oswa plan 3 jou yo pèdi lajan paske, pandan rezo a te kraze, yo te oblije achte lòt plan. Digicel, pandan tout kriz sa yo, kontinye touche plan yo san li pa bay okenn ranbousman, alòske ke sèvis la pa t fonksyone. Kliyan yo santi yo viktim de yon sistèm kote yo ap peye pou yon sèvis yo pa resevwa. Yo pa sispann plenyen pou plan yo, ki byen chè, men yo pa ka jwi yo.

Yon mesaj ki mete kliyan yo an kòlè aprè kriz lan:
“Plan 3 jou w la ap ekspire pita a minwi. Fè *509# pou w achte yon lòt plan.”

Repetisyon echèk sa yo mete an kesyon kapasite Digicel pou bay yon sèvis ki estab. Kliyan yo vle konnen: Èske konpayi an ap kontinye fè yo pèdi lajan chak fwa gen pwoblèm sou rezo a? Jiskilè Digicel ap pran responsabilite l epi mete yon politik klè pou dedomaje kliyan li yo chak fwa gen yon gwo pàn?

Men, pou kounye a, anpil kliyan pèdi konfyans nan Digicel pandan y ap tann konpansasyon ke DG a pwomèt la.